- Kominike pou laprès
Repons ak Retablisman an Ayiti apre Tranblemanntè a

KOMINIKÈ POU LAPRES
18 Out 2021
Kontakte: info@theHwc.org
Oubyen Carine.jocelyn@gmail.com
Toumant aktyèl ann Ayiti a fè pèp li a fè fas ak gwo defi ankò, tankou ogmantasyon vyolans, asasina ansyen prezidan Ayiti a, tranblemanntè ki sot pase a, tout bagay sa yo ansanm ak boulvèsman politik pandan de dènye ane yo. Nou kanpe an solidarite avèk yo epi nou pataje priyè ak kondoleyans sensè nou yo.
Kolektif Fanm Ayisyèn nan lanse plis pwogramasyon avèk sipò MADRE ak moun k ap sipòte l pou amelyore divès pwojè òganizasyon manm nou yo, ansanm ak sipò òganizasyon ki dirije sitou pa fanm Ayisyèn yo an repons a efè katastwofik tranblemanntè a. Lè nou itilize yon kad dwa moun ak yon fondasyon respè, patisipasyon ak transparans, nou pral bay finansman lajan kach dirèk ak sipò an espès bay òganizasyon ki etabli lokalman yo. Nou rekonèt byen kolektif nou yo epi nou konnen nou pa ekspè nan premye faz repons katastwòf sa a. Kidonk, nou p ap antrave pwosesis sa a lè nou “parèt” an Ayiti ak bon entansyon.
Okontrè, nou menm, HWC a, n ap chèche machandiz lokal otank posib pou sipòte ekonomi Ayiti a epi kenbe travay sitwayen lokal yo. Ansanm ak manm nou yo, n ap bay enfòmasyon ajou sou travay nou an epi n ap vizite Ayiti lè sa apwopriye epi lè sa pa yon baryè pou pwosesis repons ak sipò ijans lan. Nou rann tèt nou responsab pou distribisyon lajan yo ak siveyans pwogram nan. N ap bay yon rapò piblik nan twa mwa apre distribisyon lajan yo.
Òganizasyon lokal etabli, verifye e ki anba la a pral resevwa sipò imedya kòm yon pati nan Faz 1 an, nan men Kolektif Fanm Ayisyen yo. Domèn sipò priyoritè nou yo enkli swen sante, edikasyon, sante mantal, sante matènèl, aksè a dlo pwòp ak ijyèn, ansanm ak konsiderasyon dirabilite alontèm ki gen rapò ak domèn agrikilti, devlopman ekonomik ak lojman.
Pwogramasyon Faz En
MANM HWC YO
- Kominote2Kominote – Inisyativ Swen Kontinyèl (swen sante, dlo, edikasyon)
- Fleur de Vie – alokasyon pou pwofesè – edikasyon, sipò pou aktivite jèn yo
- FAHM – Asistans teknik pou sipòte endikatè sante matènèl pozitif ak fanmsaj ki resevwa fòmasyon.
- HDRG – Sipò pou òganizasyon manm yo OFJ pou bay sipò imedya pou fanm yo ak fanmi yo.
SIPÒ NAN SOROTE – Avèk kwayans ke fanm yo jwe yon wòl enpòtan nan lidèchip nan nivo lokal la, nou pral asosye avèk òganizasyon sa yo epi bay sipò finansye:
- Rezo Tifi Adolesan Ayiti a – sipòte espas an sekirite ki deja etabli pou tifi nan zòn Grande Anse a
- OFJ – Òganizasyon Fanm Jabrun nan zòn Les Cayes la – sipò pou agrikilti fanm yo, pwojè mikwo finans
Malgre ke domèn sa yo se yon priyorite pou nou, nou mande kominote devlopman entènasyonal la pou yo fè pi byen nan repons yo bay yon lòt katastwòf ann Ayiti. Eksperyans nou yo ak echèk èd byen dokimante nan tan lontan an mande yon angajman pou koute pèp Ayiti a (ki konnen bezwen yo) epi ranfòse enfrastrikti gouvènman Ayisyen an. Li lè pou yon apwòch ki baze sou dwa pou dirabilite a kout tèm ak alontèm ki gen ladan ranfòsman kapasite, patisipasyon, transparans, responsablite ak ekite.
Ou ka fè donasyon atravè : MADRE (https://support.madre.org/give/352986/#!/donation/checkout)
###